Kayanou se yon platfòm ki konekte dyaspora ak moun ki gen pwojè pou Ayiti.
Nou kwè nan pouvwa dyaspora ayisyen pou transfòme peyi a atravè envestisman estratejik e responsab
Kayanou se yon inisyativ ki fèt pou bay dyaspora a yon nouvo opòtinite pou envesti nan peyi Ayiti. Avèk sistèm sa a, nenpòt moun ki nan dyaspora ou an Ayiti kapab fe demand pou reyalizasyon soumèt pwojè epi jwenn sipò finansye pou reyalize yo demand pou reyalizasyon soumèt pwojè epi jwenn sipò finansye pou reyalize yo.
Nou sèvi kòm yon pon ant vizyonè ki vle wè chanjman ak pwojè ki gen gwo enpak sou kominote yo. Chak envestisman se yon semans espwa pou yon avni pi klere.
Nou bati relasyon ki onèt e transparan
Nou vize kwasans ekonomik pou envestisè yo ak peyi a
Nou mete kominote lokal yo nan sant desizyon nou yo
Nou envesti pou jenerasyon kap vini yo
Arive kanpe plis pwojè ki gen enpak pozitif sou kominote ya, kreye opòtinite travay, ak ankouraje devlopman dirab.
Kayanou etabli yon kad estrikti, transparan ak sekirize pou chak pwojè — depi soumisyon an jiska reyalizasyon. Chak etap se yon garanti pou envestisè yo ak pòtè pwojè yo.
Chak pwojè pase nan yon kad estrikti ak metodoloji klè. Nou analyze objektif estratejik, bidjè preyizasyonèl, ak plan reyalizasyon pou asire chak inisyativ jere avèk serye ak pwofondè.
Ekip espèsyalis nou an kondui yon analiz konplè sou rantabilite, risk, ak viabilite pwojè a. Nou egzamine modèl finansye, kontèks lokal, ak potansyèl envestisman avan tout desizyon.
Sèlman pwojè ki pase etap analiz la yo piblikatè sou platfòm nan. Chak pwojè valide resevwa yon fich ofisyèl ki prezante tout enfomasyon enpòtan pou envestisè yo kapab deside avèk konfyans.
Tout pwojè aktif benefisye yon sistèm rapò regilye. Envestisè yo resevwa mizajou peryodik sou avansman, depans, ak rezilta — asire transparans total pandan tout dirasyon an.
Nou travay nan plizyè sektè estratejik pou maksimize enpak ekonomik nou
20 apatman modèn ak ekipman konplè, sitiye nan yon zòn sekirize ak aksè fasil
Pwojè agrikòl mi ak sistèm irigasyon modèn pou pwodwi legim ak fwi òganik
Santral enèji solè pa vil ki pral bay kouran pou 3,000+ kay
Sant komèsyal modèn ak boutik, restoran, sinema ak espas pou biznis
Nou ofri yon platfòm sekirize, transparan, ak pwofesyonèl .
Ekip nou gen eksperyans nan devlopman pwojè, jesyon, ak sèvis finansye. Nou sipèvize chak etap pou asire siksè pwojè a.
Ou resevwa rapò detaye sou pwogrè pwojè a, ak pèfòmans finansyè. Tout enfòmasyon aksesib 24/7 sou platfòm ou.
Pa bezwen gwo kapital pou kòmanse. Ou ka envesti e chwazi pwojè ki koresponn ak objektif ou yo.
Konfyans se baz tout sa n ap fè. Se pou sa nou mete disponib tout enfòmasyon.
Envestisè yo kalifye sèvis nou kòm ekselan
Tout pwojè respekte règleman legal ak finansye
Sosyete legalman anrejistre ak sètifye